(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. (3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou. (4) Parèt ou parèt, lènmi m yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri. (5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fòtèy ou. Ou fè m jistis, ou defann kòz mwen. (6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan. (7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò. (8) Men Senyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fòtèy li la pou l fè jistis. (9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri. (10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray. (11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou. (12) Ann fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè. (13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.
Li Sòm 9
Koute Sòm 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 9:1-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo