Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. Senyè, koute m non lè m'ap lapriyè! Tande m non lè m'ap rele mande sekou! Lè m nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen. Senyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè! Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye. Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m jan pou m sèvi ou avèk krentif. Senyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m, mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa! Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m nan bouch twou a. Bondye, yon bann awogan leve dèyè m! Yon kantite mechan sòti pou yo touye m! Yo pa menm chonje si gen Bondye! Senyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m fòs ankò, delivre m, paske mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou. Fè kichòy pou mwen, Senyè! Fè moun ki pa vle wè m yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m sekou, se ou menm ki ban m konsolasyon!
Li Sòm 86
Koute Sòm 86
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 86:5-17
4 Jou
Gid lekti sa a ap ede n dekouvri bonte Bondye ki prezan nan tout sikonstans yo. Kit n ap fè eksperyans lajwa oubyen difikilte, n ap sonje lanmou ak mizèrikòd Bondye ki dire pou tout tan. N ap wè kijan fidelite Bondye ka chanje lavi nou epi transfòme kè nou pandan n ap medite sou pawòl Li chak jou.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo