(1b) Senyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m, reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye. Pa kite m mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m fè. Bondye mwen, delivre m non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen. Gen pitye pou mwen, Senyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou! Fè kè sèvitè ou la kontan, Senyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè! Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. Senyè, koute m non lè m'ap lapriyè! Tande m non lè m'ap rele mande sekou! Lè m nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
Li Sòm 86
Koute Sòm 86
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 86:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo