(2) Ala bèl kay ou a bèl, Senyè ki gen tout pouvwa! (3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. (4) Menm ti zwazo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Senyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! (5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
Li Sòm 84
Koute Sòm 84
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 84:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo