Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè. Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo. Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l. Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch. Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo. Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.
Li Sòm 74
Koute Sòm 74
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 74:12-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo