paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. Yo pran pòz pa kanmarad pèsonn, y'ap plede bat moun. Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. Epi yo di: — Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l ta pase pou li konnen? Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou richès. Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè? Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. Si m'di nan kè mwen: Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen trayi moun k'ap sèvi ou yo. Se konsa mwen kalkile anpil pou m konprann bagay sa a. Men, se pat bagay fasil menm pou mwen, jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m wè jan mechan yo gen pou yo fini.
Li Sòm 73
Koute Sòm 73
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 73:3-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo