(1b) Bondye, moutre wa a jan pou li dirije tankou ou! Li menm ki pitit wa a, ba li pouvwa pou li gouvènen jan ou vle a! Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt. Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. P'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a. Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. Se pou l viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan. Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a. Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Li Sòm 72
Koute Sòm 72
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 72:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo