Senyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m wont! Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m. Pote m sekou! Se ou menm ki twou wòch kote pou m kache. Se ou menm ki pou sèvi m ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen. Bondye mwen, wete m anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo. Senyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m te jenn gason.
Li Sòm 71
Koute Sòm 71
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 71:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo