Sòm 66:17-20
Sòm 66:17-20 HAT98
Mwen rele nan pye l, mwen te deja pare pou m te fè lwanj li. Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la. Men Bondye te koute sa m t'ap di l la, li te tande m lè m t'ap lapriyè. Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pat kite m lapriyè pou gremesi. Ou pat refize fè m wè jan ou gen bon kè.

