Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 50:14-23

Sòm 50:14-23 HAT98

Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la. Lè ou nan tray, rele m, m'a delivre ou. Wa fè lwanj mwen. Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: — Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou? Nou pa vle kite m korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo. Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo. Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay. Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou. Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men kounyeya, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou. Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou. Lè yon moun chonje di m mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Li Sòm 50

Koute Sòm 50

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 50:14-23

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo