Sòm 42:1-11

Sòm 42:1-11 HAT98

(2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. (3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li? (4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki sòti nan je m ki sèvi m manje. Se tout tan moun ap mande m: — Kote Bondye ou la? (5) Kè m ap fann lè m chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi. (6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: — Poukisa m kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m? M'ap met espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen. (7) Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m sou ou. (8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen. (9) Lajounen, Senyè a fè m anpil favè. Lannwit, mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen. (10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m kache a: — Poukisa ou bliye m konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m, lè lènmi m yo ap kraze m anba pye yo? (11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la? (12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Sòm 42:1-11

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an