Senyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè. Senyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt. Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa. Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Senyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li. Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt. Senyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. Men, plan travay Senyè a la pou tout tan. Sa l gen lide fè a ap toujou fèt. Ala bon sa bon lè yon peyi gen Senyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l pa l la!
Li Sòm 33
Koute Sòm 33
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 33:5-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo