Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 27:1-6

Sòm 27:1-6 HAT98

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m yo ap chache touye m, se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li. L'a kache m byen fon nan Tanp li a. L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m. Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a.

Li Sòm 27

Koute Sòm 27

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 27:1-6

Imaj Vèsè pou Sòm 27:1-6

Sòm 27:1-6 - (1b) Senyè a se limyè mwen,
se li ki delivrans mwen.
Ki moun ki ka fè m pè?
Se Senyè a k'ap pwoteje mwen.
Ki moun ki ka fè m tranble?

Lè mechan yo ap mache sou mwen,
lè lènmi m yo ap chache touye m,
se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou,
mwen p'ap pè anyen.
Menm si yo ta vle fè mwen lagè,
m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.

Mwen mande Senyè a yon bagay,
yon bagay mwen anvi anpil anpil:
Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a,
pou m ka gade bèl bagay li yo byen,
pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li.
L'a kache m byen fon nan Tanp li a.
L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m.
Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo.
M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a.
M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a.
waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo