Sòm 23

23
SÒM 23 (22)
Senyè a se gadò mwen
(1a) Se #Sòm 34.9,10; 80.1; Eza 40.11; Eze 34.11,12; Jan 10.11; Eb 13.20; 1 Pyè 2.25; 5.4 yon sòm David.
1(1b) Senyè a se gadò mwen,
mwen p'ap janm manke anyen.
2Kote #Eze 34.14; Jan 10.9 zèb yo pi bèl,
se la li fè m pran repo.
Kote dlo a koule poze,
se la li mennen m bwè.
3Li #Sòm 19.7; 31.3; Eza 49.10; Eze 20.9; Rev 7.17 fè m reprann fòs.
Li fè m mache nan chemen dwat,
pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
4Menm #Sòm 27.1; 138.7; Eza 8.10; 43.2; Mi 7.14 lè m'ape pase anba lonbray lanmò,
Mwen p'ape pè anyen,
Paske, Senyè, ou la avèk mwen.
Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
5Ou #2 Sam 17.27-29; Sòm 45.7; 78.19; Lik 7.46 pare yon tab pou mwen
devan je tout lènmi m yo.
Ou resevwa m, ou fè kè m kontan
ou ban m tou sa m bezwen.
6Wi, #Sòm 27.4 mwen konnen w'ap toujou renmen m,
w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m.
Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an