Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 22:1-11

Sòm 22:1-11 HAT98

(2) Bondye! Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa? Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou, san koute jan m'ap plenn? (3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. (4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. (5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. (6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pat janm regrèt yo te fè sa. (7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m, tout moun ap pase m nan betiz. (8) Tout moun ki wè m pase m nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen. (9) Y'ap di m konsa: — Jan ou te konte sou Senyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Senyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou? (10) Se ou menm ki te fè m sòti san danje nan vant manman m. Se ou menm ankò ki te pwoteje m lè m te nan tete. (11) Depi nan vant manman m, se ou menm k'ap pwoteje m. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen. (12) Pa rete lwen m konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pèsonn pou ede m.

Li Sòm 22

Koute Sòm 22

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 22:1-11

Imaj Vèsè pou Sòm 22:1-11

Sòm 22:1-11 - (2) Bondye! Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa?
Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou,
san koute jan m'ap plenn?
(3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn.
Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.

(4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a.
Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
(5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou.
Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
(6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa.
Wi, yo te mete konfyans yo nan ou,
yo pat janm regrèt yo te fè sa.

(7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen.
Tout moun ap meprize m, tout moun ap pase m nan betiz.
(8) Tout moun ki wè m pase m nan rizib.
Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
(9) Y'ap di m konsa: — Jan ou te konte sou Senyè a, poukisa li pa delivre ou?
Si Senyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?

(10) Se ou menm ki te fè m sòti san danje nan vant manman m.
Se ou menm ankò ki te pwoteje m lè m te nan tete.
(11) Depi nan vant manman m, se ou menm k'ap pwoteje m.
Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
(12) Pa rete lwen m konsa.
Malè prèt pou tonbe sou mwen,
mwen pa gen pèsonn pou ede m.
waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo