(13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Senyè, delivre m anba sa mwen fè ki mal san m pa konnen! (14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a. (15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Li Sòm 19
Koute Sòm 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 19:12-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo