(21) Senyè a ban m rekonpans mwen, paske li wè m mache dwat devan li. Li ban m benediksyon, paske li wè mwen inonsan. (22) Mwen te obeyi lalwa Senyè a, mwen pa vire do bay Bondye m lan pou m fè sa ki mal. (23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. (24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m pou m pa fè sa ki mal. (25) Se konsa li ban m rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
Li Sòm 18
Koute Sòm 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 18:20-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo