Sòm 18:1-24

Sòm 18:1-24 HAT98

(2) Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. (3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache. (4) Mwen rele Senyè a: Li delivre m anba lènmi m yo. Lwanj pou Senyè a! (5) Lanmò te fin vlope m. Mwen te pè lè m wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. (6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m vire, mwen wè lanmò devan m. (7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. (8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè! (9) Lafimen t'ap sòti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak mòso chabon tou limen t'ap sòti nan bouch li. (10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nyaj nwa anba pye li. (11) Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l ale. (12) Li te kache kò l nan fènwa. Yon gwo nyaj pwès, plen dlo, te vlope l toupatou. (13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap sòti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l lan. (14) Senyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. (15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè. (16) Lè ou ankòlè, Senyè, van yo sòti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè. (17) Senyè a rete nan syèl la, li lonje men l, li pran m. Li rale m sòti nan gwo dlo yo kote m te ye a. (18) Li delivre m anba gwo lènmi m yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m epi ki te pi fò pase m. (19) Lè m te nan tray, yo pwofite atake m. Men, Senyè a te soutni m. (20) Li wete m nan move pa a. Li delivre m paske li renmen mwen. (21) Senyè a ban m rekonpans mwen, paske li wè m mache dwat devan li. Li ban m benediksyon, paske li wè mwen inonsan. (22) Mwen te obeyi lalwa Senyè a, mwen pa vire do bay Bondye m lan pou m fè sa ki mal. (23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. (24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m pou m pa fè sa ki mal. (25) Se konsa li ban m rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.