Pwoteje m tankou grenn je ou. Kache m anba zèl ou. Wete m anba men mechan k'ap maltrete m yo. Lènmi m yo sòti pou yo touye m, yo sènen m toupatou. Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale. Kote m fè, yo fann dèyè m. Yo fin sènen m nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m atè. Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m. Leve non, Senyè. Mache pran lènmi m yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m anba men mechan yo. Sove m anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo. Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.
Li Sòm 17
Koute Sòm 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 17:8-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo