Sòm 149:1-5
Sòm 149:1-5 HAT98
Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini! Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li! Senyè a pran plezi l nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo. Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

