Sòm 147

147
SÒM 147 (146-147)
Fè lwanj Bondye pou sa li fè
1Lwanj #Sòm 92.1 pou Senyè a!
Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a.
Sa bon nèt pou nou fè lwanj Senyè a.
Wi, li merite l vre!
2Senyè a #Det 30.3; Sòm 102.16; Eza 11.12; 56.8 ap rebati lavil Jerizalèm.
L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
3L'ap #Sòm 34.18; Eza 61.1 bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray.
L'ap geri moun ki blese yo.
4Li #Jen 15.5; Eza 40.26 konte konbe zetwal ki genyen!
Li konnen non yo chak.
5Senyè #Eza 40.28; Na 1.3 nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs.
Konesans li pa gen limit.
6Senyè a #Sòm 146.8,9 ap bay pòv malere yo men pou yo leve.
Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
7 # 1 Kwo 15.16; Sòm 95.1,2; Ef 5.19 Chante yon chante pou Senyè a pou nou di l mèsi.
Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
8Se #Jòb 5.10; Sòm 104.14 li ki kouvri syèl la ak nyaj yo.
Se li ki pare lapli pou tè a.
Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
9Li #Jòb 38.41; Sòm 104.27,28; Mat 6.26 bay bèt yo manje,
li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.
10Li #Sòm 33.17 pa pran plezi l nan chwal ki gen fòs,
ni se pa kouray moun ki fè kè l kontan.
11Moun #Sòm 33.18; 149.4 ki fè kè l kontan, se moun ki gen krentif pou li,
se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
12Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Senyè a!
Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!
13Li fè pòt kay nou yo vin pi solid.
Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.
14L'ap #Egz 34.24; Sòm 81.16; Eza 60.17,18 veye fontyè peyi a pou pa gen lagè!
L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.
15Li pase yon lòd:
lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.
16Li #Jòb 37.6; 38.29 fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton.
Li fè lawouze tounen ti mòso glas sou tout pyebwa.
17Li #Jòb 37.9,10 voye lagrèl tankou gravye.
Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?
18Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn.
Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.
19Li #Det 33.4; Mal 4.4; Wòm 3.2 fè pitit Jakòb yo konmen pawòl li.
Li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
20Li #Det 4.32-34 pa aji konsa ak okenn lòt nasyon.
Li pa fè yo konnen sa l deside fè.
Lwanj pou Senyè a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 147: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an