Sòm 146

146
SÒM 146 (145)
Fè lwanj Bondye pou sa li fè
1Lwanj pou Senyè a!
Wi, kite m fè lwanj Senyè a!
2M'ap #Sòm 63.4; 104.33 pase tout lavi m ap fè lwanj Senyè a.
M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.
3Pa #Sòm 60.11; 118.8,9; Jer 17.5 mete konfyans nou nan grannèg,
nan moun ki pa ka delivre nou.
4Kou #Jòb 34.14,15; Sòm 104.29 souf yo koupe, yo tounen pousyè.
Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
5Ala #Sòm 144.15; Jer 17.7 bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l,
pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!
6Se #Sòm 115.15; 117.2; Rev 14.7 li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a,
ansanm ak tou sa ki ladan yo.
L'ap toujou kenbe pawòl li.
7Li #Sòm 103.6; 107.9; Eza 61.1 rann jistis anfavè moun k'ap sibi lenjistis.
Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
8Senyè a #Sòm 11.7; 145.14; Mat 9.30; Jan 9.7 fè prizonye yo sòti nan prizon.
Senyè a fè avèg yo wè ankò.
Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.
Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
9Senyè a #Egz 22.21,22; Det 10.18; Sòm 147.6 pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a.
L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo.
Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
10Senyè a #Sòm 10.16 ap gouvènen pou tout tan.
Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan.
Lwanj pou Senyè a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 146: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an