Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 139:1-12

Sòm 139:1-12 HAT98

(1b) Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye. Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen. Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m, ou konnen tou sa m'ap fè. Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gentan konnen tou sa mwen pral di. Kote m vire, ou la bò kote m, w'ap pwoteje m ak pouvwa ou. Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m, mwen pa konprann yo. Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou? Si m moute nan syèl la, se la ou ye. Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou. Si m vole ale bò kote solèy leve, osinon si m al rete bò lòt bò lanmè, la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m. Si mwen di: — Bon! M pral kache nan fènwa a. M pral rete kote tout limyè mouri. Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.

Li Sòm 139

Koute Sòm 139

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 139:1-12

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo