Senyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye. Si mwen pat pran plezi m nan fè sa ou mande m fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m lavi ankò. Se moun ou mwen ye. Sove m non! M'ap toujou swiv lòd ou yo. Yon bann mechan ap veye pou yo touye m. Men mwen menm, m'ap veye pou m mache dapre prensip ou yo.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:89-95
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo