Senyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye. Si mwen pat pran plezi m nan fè sa ou mande m fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m lavi ankò. Se moun ou mwen ye. Sove m non! M'ap toujou swiv lòd ou yo. Yon bann mechan ap veye pou yo touye m. Men mwen menm, m'ap veye pou m mache dapre prensip ou yo. Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan. Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li. Kòmandman ou yo fè m gen plis konprann pase lènmi m yo. Kòmandman ou yo nan kè m tout tan. Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo. Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo. Mwen veye pou m pa mete pye m nan move chemen, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay. Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Lòd ou yo fè m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:89-104
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo