Senyè, moutre m jan pou m swiv lòd ou yo, pou m obeyi yo jouk sa kaba. Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen. Fè m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m. Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan. Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan. Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou. Pa kite yo joure m, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon! Ou wè jan m anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m lavi ankò! Fè m wè jan ou renmen m, Senyè! Vin delivre m, jan ou te pwomèt la. Lè sa a, m'a gen repons pou m bay moun k'ap joure m yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou. Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo. M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan. M'a mache alèz san anyen pa jennen m, paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo. M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa. Mwen pran tout plezi m nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m fè a.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:33-48
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo