Sòm 119:17-40
Sòm 119:17-40 HAT98
Aji byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m konnen kòmandman ou yo. Se tout tan kè m ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside. Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo. Pa kite yo joure m, pa kite yo meprize m, paske mwen te kenbe prensip ou yo. Menm si chèf yo chita pou pale m mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m fè a. Prensip ou yo fè kè m kontan. Se yo ki ban m konsèy sa pou m fè. Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. Mwen di ou tou sa m te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m tou sa ou vle m fè. Fè m konprann ki jan pou m swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo. Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m. Mete m sou de pye m ankò, jan ou te pwomèt la. Pa kite m lage kò m nan bay manti. Fè m favè sa a, moutre mwen lalwa ou. Mwen pran desizyon pou m swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen. Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Senyè, pa kite m pran wont. M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen. Senyè, moutre m jan pou m swiv lòd ou yo, pou m obeyi yo jouk sa kaba. Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen. Fè m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m. Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan. Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan. Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou. Pa kite yo joure m, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon! Ou wè jan m anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m lavi ankò!

