Aji byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m konnen kòmandman ou yo. Se tout tan kè m ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside. Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo. Pa kite yo joure m, pa kite yo meprize m, paske mwen te kenbe prensip ou yo. Menm si chèf yo chita pou pale m mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m fè a. Prensip ou yo fè kè m kontan. Se yo ki ban m konsèy sa pou m fè.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:17-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo