Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m.
Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou.
Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann,
tèlman manvi konnen kòmandman ou yo.
Vire gade m non, gen pitye pou mwen,
tankou ou toujou fè l pou moun ki renmen ou yo!
Soutni m avèk pawòl ou pou m pa bite.
Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
Delivre mwen anba tout presyon
lèzòm ap bay
pou mwen ka mache dapre lòd ou bay.
Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m santi ou la avè m.
Moutre m sa ou vle m fè.
Dlo ap kouri nan je m tankou larivyè,
paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Senyè, ou pa nan patipri.
Ou jije tout moun menm jan.
Prensip ou bay yo,
se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife
k'ap boule tout anndan mwen,
lè m wè jan moun ki pa vle wè m yo bliye pawòl ou yo.
Pawòl ou se pawòl sèten nèt.
Sèvitè ou gentan renmen li.
Mwen pa anyen, y'ap meprize m.
Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
Jistis ou la pou tout tan,
lalwa ou se verite.
Mwen nan tray, kè m ap kase.
Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè.
Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan.
Ban m bon konprann pou m ka viv.
M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen.
Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè.
M'ap rele ou, sove m non, pou m ka mache dapre prensip ou yo!
Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou.
Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen
pou m kalkile pawòl ou yo.
Senyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè.
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
Moun ki sòti pou touye m yo pwoche bò kote m.
Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
Men, ou toupre m, Senyè.
Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo.
Yo la pou tout tan.
Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m non,
paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
Defann kòz mwen, delivre m.
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
Mechan yo p'ap janm sove,
paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.
Senyè, ou pa manke gen kè sansib!
Ban m lavi ankò, jan ou te deside l la.
Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m.
Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m degoutans,
paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.
Gade jan m renmen lòd ou yo, Senyè!
Ban m lavi ankò, paske ou renmen m.
Tou sa ki nan pawòl ou se verite.
Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Yon bann chèf ap pèsekite m san rezon,
men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.
Pawòl ou fè kè m kontan.
Se tankou si m te jwenn yon gwo richès.
Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa.
Mwen renmen lalwa ou la anpil.
Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi
pou jijman ou yo ki san patipri.
Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze.
Pa gen anyen ki pou fè yo bite.
M'ap tann ou vin delivre m, Senyè.
M'ap fè tou sa ou kòmande m fè.
M'ap mache dapre prensip ou yo,
se pa ti renmen mwen renmen yo.
M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m fè,
paske ou konnen tout vire tounen m.
Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè.
Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann.
Se pou lapriyè m rive nan zòrèy ou.
Jan ou te pwomèt la, delivre m.
Se pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou,
paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè.
Se pou m chante pou m fè konnen pawòl ou yo,
paske tout kòmandman ou yo dwat.
Se pou ou vin ede m ak fòs ponyèt ou,
paske mwen pran desizyon pou m swiv lòd ou yo!
Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m!
Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa ou.
Ban m lavi pou m fè lwanj ou,
pou ou ka vin ede m, jan ou te deside l la.
Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m,
paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.