Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m. Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman manvi konnen kòmandman ou yo. Vire gade m non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l pou moun ki renmen ou yo! Soutni m avèk pawòl ou pou m pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen. Delivre mwen anba tout presyon lèzòm ap bay pou mwen ka mache dapre lòd ou bay. Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m santi ou la avè m. Moutre m sa ou vle m fè. Dlo ap kouri nan je m tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:129-136
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo