Sòm 119:108-142

Sòm 119:108-142 HAT98

Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside. Se tout tan lavi m an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pat dezobeyi lòd ou yo. Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan. Mwen pran desizyon pou m fè tou sa ou vle m fè, tout tan jouk mwen mouri. Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou. Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou. Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m ka obeyi kòmandman Bondye mwen an. Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m ka viv. Pa kite m pran wont pou m pa jwenn sa m'ap tann lan. Kenbe m pou m ka delivre. M'ap toujou veye pou m pa janm bliye sa ou vle m fè. Ou meprize tout moun ki dezobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen. Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo. M'ap tranble nan tout kò m sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo. Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m nan men lènmi m yo. Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen. Je m yo fè m mal tèlman m'ap tann ou vin sove m, jan ou te pwomèt fè m jistis la. Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m sa ou vle m fè a. Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m, pou m ka konnen prensip ou yo. Senyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou. Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti. Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m. Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman manvi konnen kòmandman ou yo. Vire gade m non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l pou moun ki renmen ou yo! Soutni m avèk pawòl ou pou m pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen. Delivre mwen anba tout presyon lèzòm ap bay pou mwen ka mache dapre lòd ou bay. Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m santi ou la avè m. Moutre m sa ou vle m fè. Dlo ap kouri nan je m tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou. Senyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan. Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre. Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m wè jan moun ki pa vle wè m yo bliye pawòl ou yo. Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gentan renmen li. Mwen pa anyen, y'ap meprize m. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo. Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.