Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. Mwen sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen: M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè. Senyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la. Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside. Se tout tan lavi m an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pat dezobeyi lòd ou yo. Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan. Mwen pran desizyon pou m fè tou sa ou vle m fè, tout tan jouk mwen mouri.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:105-112
5 jou
Pou genyen yon benefis ki beni epi abondan kòmanse fè bon envestisman an. Si ou se yon nouvo Kretyen, pa gen pi gwo envestisman ou ka fè nan lafwa ou pase yon konsomasyon regilye Pawòl Bondye. Kòmanse la pou ede ou Li, Konprann epi Aplike li nan fason ki efikas chak jou.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo