Sòm 119:1-112

Sòm 119:1-112 HAT98

Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo! Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo. Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn. Jan m ta renmen kenbe fèm pou m toujou fè sa ou mande! Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo. M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè maprann tou sa ou deside nan jistis ou. Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m. Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a. Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo. Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou. Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè. M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki sòti nan bouch ou. Mwen pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo, tankou si m te gen tout richès sou latè. M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo. Aji byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m konnen kòmandman ou yo. Se tout tan kè m ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside. Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo. Pa kite yo joure m, pa kite yo meprize m, paske mwen te kenbe prensip ou yo. Menm si chèf yo chita pou pale m mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m fè a. Prensip ou yo fè kè m kontan. Se yo ki ban m konsèy sa pou m fè. Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. Mwen di ou tou sa m te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m tou sa ou vle m fè. Fè m konprann ki jan pou m swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo. Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m. Mete m sou de pye m ankò, jan ou te pwomèt la. Pa kite m lage kò m nan bay manti. Fè m favè sa a, moutre mwen lalwa ou. Mwen pran desizyon pou m swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen. Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Senyè, pa kite m pran wont. M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen. Senyè, moutre m jan pou m swiv lòd ou yo, pou m obeyi yo jouk sa kaba. Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen. Fè m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m. Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan. Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan. Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou. Pa kite yo joure m, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon! Ou wè jan m anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m lavi ankò! Fè m wè jan ou renmen m, Senyè! Vin delivre m, jan ou te pwomèt la. Lè sa a, m'a gen repons pou m bay moun k'ap joure m yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou. Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo. M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan. M'a mache alèz san anyen pa jennen m, paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo. M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa. Mwen pran tout plezi m nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m fè a. Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m espwa. Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv. Yon bann awogan ap pase m nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou. Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Senyè, se sa ki ban m kouray. Sa mete m ankòlè, lè m wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou. Mwen fè chante ak sa ou mande m fè, nan kay ki pa lakay mwen. Lannwit se ou m'ap chonje, Senyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m fè. Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo. Senyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo. M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m: Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l la. Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m ka mache dapre prensip ou yo. Mwen prese, mwen pa pran reta pou m obeyi kòmandman ou yo. Mechan yo sènen m toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la. Nan mitan lannwit mwen leve pou m di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri. Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo. Senyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m tou sa ou vle m fè. Ou te aji byen avè m, sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la. Moutre m sa ki byen, louvri lespri m, ban m konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo. Anvan ou te pini m lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men kounyeya, m'ap fè tou sa ou di m fè. Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m sa ou vle m fè. Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m. Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m nan lalwa ou la. Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m konnen sa ou vle m fè. Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè. Se ou ki te kreye m, se ou ki te fè m ak men ou. Ban m lespri pou m ka aprann kòmandman ou yo. Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m, paske mwen te mete tout espwa m nan pawòl ou. Senyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m paske ou toujou kenbe pawòl ou. Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m, paske ou renmen m. Gen pitye pou mwen pou m ka viv, paske mwen pran tout plezi m nan lalwa ou. Bann awogan sa yo k'ap fini avè m san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo. Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen. Se pou m fè tou sa ou vle m fè, san manke yonn, pou m pa janm wont. Senyè, kè m fè m mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou. Je m yo fè m mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: — Kilè w'a vin konsole m? Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m fè. Konbe jou sèvitè ou la rete pou l viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m yo? Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a. Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m san rezon. Vin pote m sekou! Ti mòso yo touye m. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo. Paske ou renmen m, ban m lavi ankò pou m ka swiv prensip ki sòti nan bouch ou. Senyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye. Si mwen pat pran plezi m nan fè sa ou mande m fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m lavi ankò. Se moun ou mwen ye. Sove m non! M'ap toujou swiv lòd ou yo. Yon bann mechan ap veye pou yo touye m. Men mwen menm, m'ap veye pou m mache dapre prensip ou yo. Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan. Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li. Kòmandman ou yo fè m gen plis konprann pase lènmi m yo. Kòmandman ou yo nan kè m tout tan. Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo. Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo. Mwen veye pou m pa mete pye m nan move chemen, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay. Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Lòd ou yo fè m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti. Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. Mwen sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen: M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè. Senyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la. Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside. Se tout tan lavi m an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pat dezobeyi lòd ou yo. Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan. Mwen pran desizyon pou m fè tou sa ou vle m fè, tout tan jouk mwen mouri.