Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo! Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo. Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn. Jan m ta renmen kenbe fèm pou m toujou fè sa ou mande! Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo. M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè maprann tou sa ou deside nan jistis ou. Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m. Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a. Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:1-10
2 Weeks
Jesus Himself said anyone who loves Him will obey His teaching. No matter what it costs us personally, our obedience matters to God. The "Obedience" reading plan walks through what the Scriptures say about obedience: How to maintain a mindset of integrity, the role of mercy, how obeying frees us and blesses our lives, and more.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo