Fè lwanj Senyè a paske li bon.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se pou pèp Izrayèl la di:
— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di:
— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di:
— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Nan tray mwen te ye a, mwen rele Senyè a,
li reponn mwen, li delivre m.
Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen.
Kisa moun ka fè m?
Se Senyè a k'ap ede mwen.
Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m yo.
Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Senyè a
pase pou l mete konfyans li nan moun.
Pito yon moun chache
pwoteksyon anba zèl Senyè a
pase pou l konte sou chèf.
Tout nasyon yo te sènen m,
Men, avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.
Yo te sènen m, yo te kwense m.
Men, avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.
Yo te kouvri m tankou myèl.
Men, yo mouri tankou dife nan pay.
Avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.
Yo te ban m yon bourad pou fè m tonbe.
Men, Senyè a te pote m sekou.
Se Senyè a ki tout fòs mwen,
se pou li m'ap chante.
Se li menm ki delivre m.
Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele
anndan lakay yo, sitèlman yo kontan!
Yo genyen batay la, yo delivre.
Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.
Pouvwa Senyè a se yon pakèt afè.
Senyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.
Non, mwen p'ap mouri. M'a viv!
M'a rakonte sa Senyè a fè pou mwen.
Li te pini m byen pini.
Men, li pat touye m.
Louvri pòt kay Bondye ki fè m jistis la
pou m antre, pou m di Senyè a mèsi.
Men pòt kay Senyè a!
Se moun ki mache dwat devan l sèlman ki ka pase ladan l.
Senyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m,
paske se ou menm ki delivre m.
Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a,
se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
Sa se travay Senyè a menm!
Se bèl bagay pou nou wè sa!
Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou!
Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
Aa! Senyè! Tanpri, delivre nou!
Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!
Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!
Nou menm ki nan kay Senyè a, n'ap beni nou.
Senyè a se Bondye li ye.
Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a.
Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.
Se ou ki Bondye mwen, mape di ou mèsi.
Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!
Fè lwanj Senyè a paske li bon.
Li p'ap janm sispann renmen nou!