Sòm 112

112
SÒM 112 (111)
Sa bon pou moun ki dwat devan Bondye
1Lwanj #Sòm 1.2; 104.35; 128.1 pou Senyè a!
Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a,
ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!
2Pitit #Pwo 20.7 li yo va grannèg nan peyi a.
Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
3Li #Pwo 3.16; 15.6 alèz lakay li, li gen anpil richès.
L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
4Nan #Jòb 11.17; Sòm 111.4 mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo,
pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
5Ala #Sòm 37.26 bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun,
pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
6Li #Sòm 55.22; Pwo 10.7 p'ap janm bite.
Yo p'ap janm bliye l.
7Kè l #Sòm 57.7; Pwo 1.33 p'ap kase lè li pran move nouvèl.
Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.
8Anyen #Sòm 54.7 p'ap brannen l, li pa pè anyen.
Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l yo.
9Li #Sòm 75.10; Wòm 12.13; 2 Kor 9.9; 1 Tim 6.18 bay moun ki nan nesesite san gad dèyè.
L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l.
10#Jòb 8.13; Mat 8.12 mechan wè sa, li move.
Li manje dan l, kè l grenn.
Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 112: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an