(1b) Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen. Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m mal. Y'ap fè manti sou mwen. Kote m pase, moun ki rayi m yo ap pale m mal. Y'ap fè m lagè san mwen pa fè yo anyen. Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou. M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m. Pran yon mechan, mete l chèf sou lènmi m lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li. Lè yo jije l, se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche. Se pou l pa gen anpil jou pou l viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li. Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv. Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a. Se pou moun ki te prete l lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. Se pou pèsonn pa zanmi l ankò. Se pou pèsonn pa gen pitye pou pitit li kite. Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li. Se pou Senyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l pa janm padonnen peche manman l yo. Se pou Senyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè, paske li pa janm chonje gen pitye pou pèsonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo. Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pèsonn pa ba li benediksyon. Tout kò l se madichon! Se pou madichon pase l nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l. Se pou madichon kouvri l tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l tankou yon sentiwon. Se konsa pou Senyè a pini moun ki pa vle wè m yo, moun k'ap pale m mal yo.
Li Sòm 109
Koute Sòm 109
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 109:1-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo