Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv. Yo te wè sa Senyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè. Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouray yo. Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt. Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Senyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo taprale a. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo. Senyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò. Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste. Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk. Se la li fè moun ki te grangou y moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete. Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt. Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple. Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè. Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a, se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini. Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen. Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Senyè a gen bon kè!
Li Sòm 107
Koute Sòm 107
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 107:23-43
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo