Lè Senyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo, li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la. Yo te mete pye l nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li, jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Senyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. Wa peyi Lejip la te wete l nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l. Li mete l chèf sou tout moun lakay li, li mete l pou l gouvènen tout peyi a. Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l moutre notab yo sa pou yo fè. Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo. Senyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l vin pi fò pase lènmi l yo.
Li Sòm 105
Koute Sòm 105
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 105:16-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo