Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entelijans ap pale fò pou tout moun tande. Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo. L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di: Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande. Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri. Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat. Sa m pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti. Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwa. Nan sa mwen di yo, pa gen anyen ki pa vre, ni anyen ki kwochi. Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans. Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
Li Pwovèb 8
Koute Pwovèb 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 8:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo