Pwovèb 7:1-5

Pwovèb 7:1-5 HAT98

Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a. Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou. Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l. Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou. Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madanm marye ki nan dezòd.