Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo. Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife. Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò. Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap kouve lide mechanste nan tèt yo, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
Li Pwovèb 6
Koute Pwovèb 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 6:12-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo