Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Pwovèb 30:21-33

Pwovèb 30:21-33 HAT98

Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte. Men yo: Se esklav ki rive chèf. Se moun sòt ki jwenn tout sa li bezwen. Se fanm ki pa jwenn gason renmen l', epi ki rive mare yon nòs. Se sèvant ki rive ranplase mètrès li. Gen kat bèt sou latè ki pi piti pase tout bèt. Men w'a gen lespri pa ou, se pa pase yo: Se fwomi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la. Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa, men yo fè kay yo nan twou wòch. Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann. Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou, men ou jwenn yo nan palè wa yo. Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach: Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn. Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo. Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou! Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l, l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.

Li Pwovèb 30

Koute Pwovèb 30

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 30:21-33

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo