Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè:
Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye!
Mwen pa kapab ankò!
Mwen sòt pase panyen pèse.
Mwen pa gen lespri tankou tout moun.
Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans.
Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.
Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè?
Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l?
Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li?
Ki moun ki fikse limit tè a?
Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele?
Di m non, si ou konnen?
Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li. Pa fè l di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m yo anvan mwen mouri. Men yo: Pa kite m bay manti pou m twonpe moun. Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la. Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.
Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.
Gen yon ras moun ki konnen yo san defo. Epoutan, pi mal pase yo, nanpwen. Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pèsonn, wa pa kouzen yo.
Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen!
Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.
Men yo: Se peyi kote mò yo ye a,
se fanm ki pa ka fè pitit,
se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife.
Bagay sa yo pa janm di ase.
Yon pitit ki pase papa l nan betiz, ki pa respekte lòd manman l, chen gen pou devore kadav li nan raje, zwazo nan bwa va manje grenn je li.