Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont. Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe. Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan. Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande! Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l obeyi. Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile. Lè ou twò mou ak esklav ou depi li piti, rive yon lè, l'ap wè li vin pitit ou. Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen. Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye. Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l. Si li pa denonse l, madichon Bondye ap tonbe sou li. Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Senyè a, ou pa bezwen pè anyen. Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri. Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.
Li Pwovèb 29
Koute Pwovèb 29
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 29:15-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo