Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen. Si ou rive fè l pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou! Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. Lè ou kanpe devan glas, ou wè jan ou ye. Lè ou gade anndan kè ou, ou wè ki moun ou ye. Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun. Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye. Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l kite sòt. Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.
Li Pwovèb 27
Koute Pwovèb 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 27:14-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo