Pwovèb 14:29-33
Pwovèb 14:29-33 HAT98
Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt. Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l menm lè lavi l an danje. Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.


