Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li. Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Senyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo. Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt. Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil. Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen. Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe. Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo. Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pèsonn pa ka kontan avè ou. Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope. Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò. Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere. Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li. Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l. Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon. Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kèpòpòz. Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.
Li Pwovèb 14
Koute Pwovèb 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 14:1-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo