Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann. Senyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan. Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen. Yon bon madanm, se yon lwanj pou mari li. Men yon madanm ki fè mari li wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. Pawòl ki soti nan bouch mechan, se koze ki make san. Men pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se delivrans pou moun ki nan danje. Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la. Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan. Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou. Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray. Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo. Pawòl ki sòti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap sòti nan tout move pa. Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
Li Pwovèb 12
Koute Pwovèb 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 12:1-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo