Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouray nan travay ap jwenn ak kòb li. Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò. Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri. Senyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo. Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove. Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon. Lè moun k'ap mache dwat jwenn sa yo vle a, se lakontantman pou tout moun. Men lè se mechan ki jwenn sa y'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi. Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou. Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje pou fè mache nwa. Men l'ap fè lwanj pou moun ki voye vann manje a nan mache. Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l. Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon. Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li lakòz madanm li ak tout pitit li nan tou sa ki pa bon. Men moun san konprann ap toujou esklav moun bon konprann. Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun. Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
Li Pwovèb 11
Koute Pwovèb 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 11:16-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo